Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 48:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Jozèf wete timoun yo sou jenou Izrayèl, epi li bese tèt li jouk atè devan papa l.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 48:12
15 Referans Kwoze  

Alò, Joseph te an pouvwa nan peyi a. Se te li menm ki te vann a tout pèp nan peyi a. Epi frè a Joseph yo te vin bese ba devan li avèk figi yo atè.


Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon.


Pitit li yo leve e beni li; mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:


Alò, fanm nan te antre anndan; li te tonbe nan pye li e li te bese li menm jis atè. Epi li te pran fis li, e te sòti.


Konsa, Bath-Schéba te ale kote Wa Salomon pou pale avèk li pou Adonija. Epi wa a te leve pou rankontre li. Li te bese devan l, e te chita sou twòn li an. Li te fè yo ranje yon twòn pou manman a wa a, e li te chita bò kote men dwat li.


“‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.


“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Moïse te fè vit bese ba jis atè pou adore.


Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.


Men li menm te pran devan yo. Li te bese jis atè sèt fwa, jiskaske li te rive toupre frè li a.


Abraham te leve e te bese devan moun yo nan peyi a, fis a Heth yo.


Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan. Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.


Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè.


Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”


Joseph te pran yo toude, Ephraïm nan men dwat li vè bò goch Israël, e nan men goch li, Manassé vè bò dwat Israël. Konsa, li te mennen yo toupre li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite