Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?
Jenèz 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a. 1998 Haïtienne Men latè pat gen fòm, li pat gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plannen sou dlo ki te kouvri tout latè. |
Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo. Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li! Men tonnè pwisans Li an! Se kilès ki kab konprann li?
Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid. Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l.
Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye; konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.
Tankou zwazo k ap vole, se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem. Li va pwoteje li e delivre li. Li va pase sou sa pou sove li.
Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a, Dye la ki te fòme tè a e ki te fè l la; Ki te etabli li, e Li pa t kreye li vid, men te fòme l pou moun ka viv ladann di: “Mwen se SENYÈ a. Nanpwen lòt.
Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè.
Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e figi yo vin blèm!
Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
Tankou yon èg ki anvayi nich li, ki pann sou jenn pitit li yo, Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo. Li te pote yo anwo plim li.