Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 4:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Mwen li pa te gen fòm, li pa te gen anyen sou li! Mwen gade syèl la: Li pa te gen ti kras limyè menm!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 4:23
19 Referans Kwoze  

“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.


Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.


Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.


Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a, ke Mwen va fè solèy la desann a midi, e mwen va fè tè a nan fènwa nan plen jounen.


Devan yo, tè a souke. Syèl yo tranble. Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, e zetwal yo vin pèdi briyans yo.


Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè. Si yon moun anwò dlo ta gade vè latè; men gade, tout fènwa ak gwo twoub. Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.


Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.


Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.


Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.


Menm syèl yo etonnen, jis yo vin fremi. Reste byen dezole, deklare SENYÈ a.


Li te mennen mwen, e te fè m mache nan tenèb, pa nan limyè.


Nan jou sa a p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite