Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 136:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Li bati tè a sou dlo yo. Non, li p'ap janm sispann renmen nou:

Gade chapit la Kopi




Sòm 136:6
11 Referans Kwoze  

Li te fonde li sou lanmè yo, e te etabli li sou rivyè yo.


Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.


Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt.


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a e sila ki te fè ou soti nan vant la: “Mwen, SENYÈ a, se Kreyatè a tout bagay, Mwen te lonje ouvri syèl yo pou kont Mwen, e Mwen te lonje ouvri latè, Mwen sèl Mwen;


Konsa pale Bondye SENYÈ a ki te kreye syèl yo e ki tann yo, ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann, ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li, e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,


Li lonje rale zetwal nò a sou espas vid. Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l.


Pwofesi pawòl SENYÈ a konsènan Israël la. Konsa pale SENYÈ ki etann syèl yo a, ki poze fondasyon latè yo, e ki kreye lespri a lòm nan anndan l lan.


Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.


Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri syèl yo ki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite