Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 8:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Lè potko gen pwofondè, mwen te fèt, lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Lè m te fenk parèt, pat ankò gen lanmè. Pat ankò gen okenn sous dlo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 8:24
10 Referans Kwoze  

Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.


“Èske ou konn antre nan sous lanmè yo, oswa mache nan fon pwofondè a?


Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou.


Fon yo kouvri yo. Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch.


Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri, e syèl yo te vin degoute lawouze.


E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.


“Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.


Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone.


Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di: “Ou se Fis Mwen. Jodi a Mwen fè Ou”? E ankò: “Mwen va yon Papa pou Li e Li va yon Fis pou Mwen,”


Se konsa lamou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li nan lemonn an pou nou ta kapab viv nan Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite