Jan 8:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li t ap di yo: “Nou sòti pa anba, men Mwen sòti pa anwo. Nou a lemonn sila a; Mwen pa a lemonn sila a. 1998 Haïtienne Jezi reponn yo: — Nou sòti anba, mwen menm mwen sòti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jezi di yo tou: “Nou menm, nou se moun isiba, mwen menm, mwen se moun anwo nan syèl la; nou menm, nou se moun mond sa a, mwen menm mwen pa moun mond sa a. |
E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
“Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn.
“Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.
Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.