Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 3:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 — Moun ki soti anwo, li sou tèt tout moun, tout bagay. Men moun ki soti anba sou latè, se moun latè. L'ap pale sou sa li konnen sou latè. Men moun ki soti nan syèl la, li sou tèt tout moun nèt.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Moun ki vini soti anwo a pi gran pase tout moun. Moun ki soti anba se moun latè li ye. Li pale sou bagay latè. Men moun ki soti nan syèl la pi gran pase tout moun.

Gade chapit la Kopi




Jan 3:31
22 Referans Kwoze  

Li t ap di yo: “Nou sòti pa anba, men Mwen sòti pa anwo. Nou a lemonn sila a; Mwen pa a lemonn sila a.


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


ki gen patriyach yo, e ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.


Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”


Yo sòti nan lemonn an. Akoz sa yo pale tankou lemonn an, epi lemonn an koute yo.


“Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou jamen. E pen osi ke M ap bay pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”


Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”


Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.


Se Li menm k ap vin apre mwen, ki prefere avan m, e menm lasèt a sandal Li, mwen pa dign pou m ta demare.”


Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.


Alò, menm premye akò a te gen règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la.


Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’


Jean te fè temwen a Li. Li te rele fò e te di: “Sa se Li menm de moun mwen te pale nou lè m te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’”


Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite