Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 8:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Pou sa, Jwif yo t ap di: “Asireman Li p ap vin touye tèt Li. Konsi l ap di ‘Kote m ap prale, nou p ap kab vini?’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Jwif yo yonn di lòt: — Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l prale a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Konsa, lidè Jwif yo t ap poze tèt yo kesyon, “Ou kwè nonm nan ta touye tèt li? Paske li di kote l prale a nou pa gen pouvwa pou n al la?”

Gade chapit la Kopi




Jan 8:22
11 Referans Kwoze  

Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’


Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”


Men mwen se yon vè, mwen pa menm yon moun. Parèt abominab devan lèzòm, e meprize pa tout moun.


Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.


Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.


Anpil t ap di: “Li gen yon dyab epi Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”


Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo?


Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”


Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo, avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.


Kite lèv ki manti yo sispann, sila yo ka p pale ak awogans kont moun dwat yo, k ap fè ògèy pou desann moun.


E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite