Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 17:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo, Mwen te evite chemen a vyolan yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 17:4
20 Referans Kwoze  

Alò tè a te vin konwonpi nan zye Bondye, e latè te vin plen ak vyolans.


Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.


konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi; lòm ki bwè inikite kon dlo a!


Èske m te kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam? Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,


Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.


Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.


Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.


Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.


pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl?


Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a.


Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.


Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.


Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.


Yo gen kòm wa sou yo, zanj labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon.


SENYÈ a anpeche ke m ta lonje men m kont onksyone SENYÈ a. Men koulye a, souple, pran frenn ki bò kot tèt li a ak veso dlo a, epi, an ale.”


Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite