Jan 7:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men lè frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè. 1998 Haïtienne Apre frè l yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pat kite pèsonn wè li. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Alò frè l yo pati y al nan fèt la. Lè yo fin pati, Jezi pati tou, men l te ale an sekrè. |
Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.
Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li.
Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.
Lè pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.
Pou sa, Jésus pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.
Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo.