Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 7:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Alò frè l yo pati y al nan fèt la. Lè yo fin pati, Jezi pati tou, men l te ale an sekrè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Apre frè l yo fin pati al nan fèt la, Jezi ale tou, men an kachèt. Li pat kite pèsonn wè li.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men lè frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.

Gade chapit la Kopi




Jan 7:10
13 Referans Kwoze  

Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon.


Pandan Jezi t ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo te vin parèt. Yo te vle pale avè l.


Lè sa a, Jezi reponn li: “Kite tout bagay fèt kon sa pou kounye a. Nou dwe fè tout sa ki dwat pou akonpli plan Bondye.” Apre sa, Jan te vin dakò pou l batize Jezi.


Lè fanmi Jezi yo te tande sa, yo te vin chache l, paske te gen moun ki t ap di Jezi pèdi tèt li.


Poutèt sa, Jezi te sispann ale vini devan tout moun nan teritwa Jide a: Li t al rete toupre dezè a nan yon ti vil yo rele Efrayim. Se la l te rete ak disip li yo.


Se poutèt sa frè l yo te di l: “Ou ta sipoze pati ale Jide nan fèt la. Konsa, tout disip ou yo ta wè mirak ou ap fè yo.


Frè Jezi yo te pale kon sa paske menm yo menm yo pa t kwè nan li.


Lè Jezi fin di sa, li rete nan peyi Galile.


Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite