Jan 11:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li. Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.” 1998 Haïtienne Mò a sòti, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal, figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: — Demare l non, kite l ale. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou. Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!” |
Mwen va rachte yo soti anba pouvwa a Sejou mò yo; mwen va rachte yo soti anba lanmò. O lanmò! Kote pikan ou yo? O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an? Repantans va vin kache devan zye M.
Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.
Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.
Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”
Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te vlope l avèk twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.
men twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.
Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
“Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.
ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.
e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.
“Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv. SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.