Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 11:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

39 Jezi di yo: — Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l konsa: — Senyè, li dwe konmanse santi deja, sa fè kat jou depi l nan kavo a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

39 Jezi di: “Retire wòch la!” Mat, sè mò a, di: “Senyè, li gentan santi, jodi fè kat jou depi l la.”

Gade chapit la Kopi




Jan 11:39
11 Referans Kwoze  

Konsa, lè Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou.


E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”


nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li, ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.


ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.


Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”


paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo, ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.


Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò. Lanmò va bèje yo. Moun dwat yo va domine sou yo nan maten. Men fòm yo va fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo.


pou l ta viv toujou jis pou letènite, pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.


“Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.”


“Paske David, apre li te sèvi plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon.


Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite