Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 2:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 “Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv. SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Senyè a touye, lèfini li bay lavi ankò. Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a. Li mennen yo tounen ankò.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 2:6
20 Referans Kwoze  

SENYÈ a te tande vwa Élie, lavi pitit la te retounen nan li e li te vin refè.


Lè wa Israël la te li lèt sa a, li te chire rad li. Li te di: “Èske se Bondye mwen ye, pou m kab touye e fè viv, pou nonm sa ta voye kote mwen pou geri yon mesye ki gen lalèp? Men gade byen kijan l ap chache yon kont avè m.”


Paske se Li menm ki blese, e se Li menm ki retire blesè a; Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.


Kòd lanmò yo te antoure m, e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen. Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.


Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.


Bondye pou nou se yon Bondye delivrans. Epi BONDYE, Senyè a sèl, ki fè nou chape devan lanmò.


Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, va fè m viv. Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.


Yon tan pou touye e yon tan pou geri; yon tan pou demoli e yon tan pou bati.


Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.


Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël.


Li te di mwen: “Fis a lòm, èske zo sila yo kapab viv?” Konsa, mwen te reponn: “O Senyè BONDYE! Ou menm ki konnen.”


Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè.


Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri.


Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.


e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.


Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite