Li te leve pou antre nan kay la. Li te vide lwil sou tèt li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, Mwen te onksyone ou Wa sou pèp SENYÈ a, sou Israël menm.
Alò, Ézéchias te gen anpil richès avèk onè. Li te fè pou kont li trezò an ajan, lò, pyè presye, epis, boukliye defans ak tout kalite bagay ak gwo valè,
Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
Tout pyebwa nan chan yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Mwen desann pyebwa ki byen wo a, egzalte pyebwa ki ba a, seche pyebwa ki vèt la e fè pyebwa ki sèch la fleri. “‘Mwen, SENYÈ a, te pale e Mwen te akonpli sa.’”