Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jan 1:47 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l, li di sou li: — Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”

Gade chapit la



Jan 1:47
13 Referans Kwoze  

A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la, e nan lespri a sila ki pa gen manti a.


Anverite, Bondye bon a Israël, a sila avèk kè ki san tach yo!


Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.


Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”


Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen.


Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”. Jésus te di yo: “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo.


Yo se Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo;


Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël,


Paske nou menm se vrè sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè.


Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang


Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.


Epi manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.