Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 8:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”. Jésus te di yo: “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

39 Yo reponn li: — Men, papa nou se Abraram. Jezi di yo: — Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè sa li menm li te fè.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

39 Yo reponn li: “Papa nou se Abraram.” Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram, nou ta fè menm bagay ak Abraram.

Gade chapit la Kopi




Jan 8:39
13 Referans Kwoze  

Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.


pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.


Yo te reponn Li: “Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’”


“Mwen konnen ke nou se pitit Abraham, men nou ap chache touye M, paske pawòl Mwen pa gen plas nan nou.


“Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.


“Papa zansèt nou, Abraham te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”


Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.


Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout.


ni se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: “Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”.


Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.


Konsa, se pou nou asire ke se sila ki nan lafwa yo ki se fis Abraham.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite