Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 8:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye. “Sila a, Abraham pa t janm fè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

40 Gade kounyeya, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fè bagay konsa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

40 Mwen menm, m ap di nou verite a mwen tande ki soti nan Bondye, men kounye a n ap chache touye m. Abraram pa fè bagay konsa.

Gade chapit la Kopi




Jan 8:40
13 Referans Kwoze  

Mechan an fè konplo kont sila ki dwat yo. Li manje dan l sou li.


Mechan an ap veye dwat la pou chache touye li.


Apre bagay sa yo, Jésus t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo t ap chache pou touye L.


Mwen gen anpil bagay pou pale e pou jije konsènan nou. Sinon, Li menm ki te voye M nan vrè. E bagay ke M te tande de Li yo, sa yo Mwen pale a lemonn.”


“Papa zansèt nou, Abraham te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”


Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.


Èske konsa mwen vin lènmi nou akoz ke m di nou Verite a?


Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a.


Donk, dragon a te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.


Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè. Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite