Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 2:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Li pat bezwen moun te di l anyen sou pèsonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Li pa t bezwen pèsonn di l kijan lòm ye. Li menm li te konnen sa ki nan lòm.

Gade chapit la Kopi




Jan 2:25
9 Referans Kwoze  

alò, tande nan syèl la, kote Ou abite a, padone, aji e rann a chak moun selon tout chemen yo, kè a sila Ou konnen an, paske se Ou sèl ki konnen kè a tout fis a lòm yo;


Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. Li p ap jije selon sa ke zye l wè, ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;


Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou?


Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.


Jésus te wè Nathanaël t ap vin kote Li epi te di: “Men gade, yon Izrayelit nan kilès pa gen desepsyon.”


Paske Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: “Se pa tout nan nou ki pwòp.”


Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa fè nou kilbite tonbe?


“Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.


Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite