Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.
Estè 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Wa a nan kòlè li te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay. 1998 Haïtienne Wa a leve bò tab la byen move, li sòti deyò al nan jaden palè a. Aman te konnen wa a ta pral pini l pou sa l fè a. Li rete pou l mande larenn lan fè pa l. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Wa a pete yon gwo kout kòlè epi li leve kanpe. Li kite diven li t ap bwè a epi l al nan jaden palè a. Aman konprann wa a deja pran desizyon pou touye l. Alò, li rete nan sal la pou mande rèn Estè sove lavi l. |
Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.
Lè jou sa yo te fin acheve, wa a te bay yon gwo bankè ki te dire pandan sèt jou pou tout moun ki te prezan nan sitadèl Suse la, soti nan sila ki pi pwisan an jis rive nan sila ki pi piti a, nan lakou jaden a palè wa a.
Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.
Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.
Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.
Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.
Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a.
Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.
Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la.
Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”
Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”