Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Danyèl 3:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Lè wa Nebikadneza tande pawòl sa yo, li fè yon sèl kòlè, li move sou Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Li bay lòd pou yo chofe fou a sèt fwa plis pase jan yo te konn fè l la.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 3:19
26 Referans Kwoze  

Jacob te wè konpòtman Laban, e gade byen, li pa t emab anvè li jan li te ye avan an.


Lè Haman te wè ke Mardochée pa t bese ni ba li onè, Haman te ranpli avèk laraj.


Wa a nan kòlè li te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay.


Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.


Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò; men yon nonm saj va kalme li.


Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.


M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo, ki te di nanm ou: ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’. Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a; tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”


Akoz sa, wa a te vin ranpli ak kòlè ak gwo mekontantman, e li te bay lòd pou detwi tout mesye saj Babylone yo.


Epi Nebucadnetsar byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a.


Li te kòmande sèten gèrye vanyan ki te nan lame li a pou mare Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, pou yo ta jete yo nan founo dife byen cho a.


Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.


Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.


“Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou sèt fwa anplis pou peche nou yo.


‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo.


alò, Mwen va aji avèk ostilite kont nou. Mwen, Mwen menm, Mwen va frape nou sèt fwa pou peche nou yo.


alò, Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo.


Lè yo te tande sa, yo te byen blese, e te fè plan pou touye yo.


Alò, lè yo te tande sa, yo te blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite