Estè 7:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman. Gade chapit la1998 Haïtienne8 Aman te fenk panche kò l sou divan Estè a pou mande l padon lè wa a tounen antre sòti nan jaden an. Lè wa a wè sa, li di: — Kounyeya, apa nonm lan sòti pou li fè kadejak sou larenn Estè, la devan je m, nan mitan lakay mwen an! Wa a poko fin pale, nèg konfyans yo gentan kouvri tèt Aman. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil8 Li lage kò l sou kabann kote rèn Estè te ye a pou l mande l gen pitye pou li. Nan menm moman sa a, wa a soti nan jaden an epi li retounen nan sal la. Lè li wè Aman bò kote rèn nan, li rele byen fò: “Apa ou vin fè vyolans sou rèn nan, la nan palè a, la devan je m?” Kon wa a fin di sa, sèvitè l yo antre, yo pran Aman epi yo mete yon sak nan tèt li. Gade chapit la |