Esdras 6:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa. 1998 Haïtienne Lè sa a, tout pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo ak tout rès moun ki te tounen yo fè fèt, yo fè gwo seremoni pou mete Tanp lan apa pou sèvis Bondye. |
Salomon te ofri kòm ofrann lapè ke Li te lofri SENYÈ a, venn-de-mil bèf avèk san-ven-mil mouton. Konsa wa a, avèk tout fis Israël yo te dedye kay SENYÈ a.
Konsa, tout Israël te pote monte lach akò SENYÈ a avèk gwo kri, avèk son a kòn soufle, avèk twonpèt, avèk gwo bwi a senbal, avèk ap ak gita.
Premye moun ki te vin abite ankò nan teritwa sila yo, nan vil pa yo, se te Israël, prèt Levit yo ak sèvitè tanp yo.
Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.
Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan.
Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la.
Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a.
Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la,
Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.
Alò, nan dedikasyon miray Jérusalem nan, yo te chache twouve Levit soti nan tout plas yo pou mennen yo Jérusalem pou yo ta kab selebre dedikasyon an avèk jwa, avèk lwanj kè kontan, avèk chan avèk senbal, ap ak lenstriman a kòd yo.
Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen.
Alò, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo. Lè setyèm mwa a te vin rive, fis Israël yo te vin antre nan pwòp vil pa yo.
Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”
Konsa, Daniel te mennen devan wa a. Wa a te pale e te di a Daniel: “Èske ou se menm Daniel ki te youn nan egzile a Juda yo, ke papa mwen, wa a, te mennen soti Juda a?
La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.