Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 29:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Senyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Senyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 29:30
19 Referans Kwoze  

Anplis, Jehojada te mete ofisye lakay SENYÈ yo anba otorite prèt Levit yo, ke David te apwente sou lakay SENYÈ a, pou ofri ofrann brile a SENYÈ, jan sa ekri nan lalwa Moïse la—-avèk anpil rejwisans ak chante selon lòd a David la.


Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a.


Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan.


Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la.


Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di: “Konsa Li bon, paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,”


Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa.


Epi yo te obsève Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk jwa, paske SENYÈ a te fè yo rejwi, e te detounen kè a wa a Assyrie a vè yo pou ankouraje yo nan travay lakay Bondye a, Bondye Israël la.


Paske nan jou a David avèk Asaph yo, nan tan ansyen an, te gen dirijan pou chantè yo ak chan adorasyon yo, e kantik remèsiman a Bondye.


Nan lè sa a, yo te kwè nan pawòl Li yo. Yo te chante lwanj Li.


Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a. Kite fis a Sion yo rejwi nan Wa yo a.


Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.


Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale. Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la jis rive nan kote li kouche a.


Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.


Adore SENYÈ a nan abiman ki sen. Tranble devan L, tout latè a.


Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite