Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 29:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

31 Lè sa a, Ezekyas di pèp la: — Kounyeya nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Senyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 29:31
10 Referans Kwoze  

Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.


Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a.


Nenpòt nan yo ki toujou vivan, nenpòt kote ke li ta rete, kite moun nan plas sa yo bay li soutyen avèk ajan avèk lò, avèk byen ak bèt, ansanm avèk yon ofrann bòn volonte pou lakay Bondye ki Jérusalem nan.’”


Epi tout sa yo ki te mennen pa bon volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè.


‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bon volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz,


Lè prens lan founi yon ofrann bòn volonte, yon ofrann brile, oswa ofrann lapè kon ofrann bòn volonte a SENYÈ la, pòtay vè lès la va vin ouvri pou li. Epi li va founi ofrann brile pa li a, ak ofrann lapè li a, jan li konn fè nan jou Saba a. Epi li va sòti e pòtay la va vin fèmen lè li fin sòti.


apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.


“‘Alò, sa se lalwa sakrifis ofrann lapè ki va prezante bay SENYÈ a.


Si li ofri li pou bay remèsiman, alò, ansanm avèk sakrifis remèsiman an, li va ofri gato san ledven mele avèk lwil, galèt kouvri avèk lwil, ak gato farin fen mele avèk lwil.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite