Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 29:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Yo mennen swasanndis towo, san belye mouton ak desan (200) ti mouton pou yo te boule nèt pou Senyè a.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 29:32
10 Referans Kwoze  

Wa a te konn ale Gabaon pou fè sakrifis la, paske se la ke wo plas prensipal la te ye. Salomon te ofri mil ofrann brile sou lotèl sila a.


Salomon te ofri kòm ofrann lapè ke Li te lofri SENYÈ a, venn-de-mil bèf avèk san-ven-mil mouton. Konsa wa a, avèk tout fis Israël yo te dedye kay SENYÈ a.


Yo te fè sakrifis a SENYÈ a, e nan pwochèn jou a te ofri ofrann brile a SENYÈ a; mil towo, mil belye ak mil jenn mouton avèk ofrann bwason pa yo ak sakrifis an gran kantite pou tout Israël.


Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile.


Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton.


Te gen osi anpil ofrann brile avèk grès a ofrann lapè yo, avèk ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò.


Epi yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a.


Yo te ofri pou dedikasyon tanp Bondye sila a san towo, de-san belye, kat-san jenn mouton, e kon ofrann peche pou tout Israël la, douz mal kabrit ki te koresponn a non tribi Israël yo.


Alò, SENYÈ a te rele Moïse, e Li te pale avèk li depi nan tant asanble a. Li te di:


“‘Si ofrann li an se yon ofrann brile ki sòti nan twoupo a, li va ofri li; yon mal san defo. Li va ofri li nan pòtay tant asanble a, pou li kapab aksepte devan SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite