Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 10:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Lè sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm. Se te sezon livè.

Gade chapit la Kopi




Jan 10:22
6 Referans Kwoze  

Salomon te ofri kòm ofrann lapè ke Li te lofri SENYÈ a, venn-de-mil bèf avèk san-ven-mil mouton. Konsa wa a, avèk tout fis Israël yo te dedye kay SENYÈ a.


Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a.


Epi fis Israël yo, prèt yo, Levit yo ak tout lòt moun egzil ki te retounen yo, te selebre dedikasyon kay Bondye sila a avèk jwa.


Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.


Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?”


Se te nan tan livè, epi Jésus t ap mache nan tanp lan sou galeri Salomon an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite