Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”
Egzòd 33:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la. 1998 Haïtienne Li di ankò: — Men yon ti plas bò kote m. W'a kanpe sou wòch sa a. |
Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”
SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
Paske nan jou twoub la, Li va kache mwen nan tabènak Li. Nan plas sekrè kote tant Li an ye a, se la Li va fè m kache. Li va leve mwen sou yon wòch.
Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.
Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye. Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.
a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an; anndan miray Mwen yo, yon memoryal e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo. Mwen va bay yo yon non k ap dire nèt jis pou letènite, ki p ap janm disparèt.”
“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo.
Men pou ou menm, kanpe isit la akote Mwen, pou Mwen kapab pale avèk ou tout kòmandman yo, lwa yo avèk jijman ke nou va montre yo pou yo kapab swiv yo nan peyi ke Mwen bay yo pou posede a.’
Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo.