Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 18:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.

Gade chapit la Kopi




Sòm 18:2
18 Referans Kwoze  

Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan sila mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m.


Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye. Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.


Mwen va di a SENYÈ a: “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an. Se nan Li mwen mete konfyans!”


Kite pawòl bouch mwen a avèk refleksyon kè m vin akseptab devan zye Ou, O SENYÈ, wòch mwen, ak sovè mwen an.


Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.


Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen. Menm gwo sò pa p boulvèse m.


Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.


O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”


Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.


Li va kouvri ou ak plim Li yo. Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj. Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.


Epi ankò: “Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.” E ankò: “Gade, Mwen menm avèk pitit ke Bondye te ban Mwen yo.”


Li mete sajès nan depo pou moun dwat la. Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,


A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele! Wòch mwen an, pa vin soud devan m, paske si Ou rete silan devan mwen, mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.


Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye. Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann, O SENYÈ, boukliye nou an.


Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt. Men kòn a moun ladwati yo va leve wo.


La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt. Mwen te prepare yon lanp pou onksyone pa M nan.


“SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen. Sa se Bondye pa m, e mwen va louwe Li; Bondye a papa m nan, e mwen va leve Li wo.


Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m, avèk siplikasyon mwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite