Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 33:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Lè pouvwa mwen vin ap pase, m'ap mete ou nan twou wòch la, m'a kouvri ou avèk men mwen jouk mwen fin pase.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 33:22
12 Referans Kwoze  

Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”


SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.


Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.


Li va kouvri ou ak plim Li yo. Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj. Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.


Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè, se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; konsa fwi li te dous nan gou m.


pou yo ka antre nan kav wòch ak twou wòch nan falèz yo, pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ, ak gwo bagay etonan a majeste Li a, lè Li leve pou fè latè tranble.


Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.


Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file; nan lonbraj men L, Li te kache Mwen. Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli, e Li te kache Mwen nan fouwo Li.


Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen, pou etabli syèl yo, fonde latè a e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’”


Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.


Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.


A Benjamin, li te di: “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, paske Li pwoteje li tout lajounen. Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite