a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an; anndan miray Mwen yo, yon memoryal e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo. Mwen va bay yo yon non k ap dire nèt jis pou letènite, ki p ap janm disparèt.”
“Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo.
Men pou ou menm, kanpe isit la akote Mwen, pou Mwen kapab pale avèk ou tout kòmandman yo, lwa yo avèk jijman ke nou va montre yo pou yo kapab swiv yo nan peyi ke Mwen bay yo pou posede a.’
Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo.