Egzòd 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fi a Farawon an te vin desann pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li. 1998 Haïtienne Pitit fi farawon an desann bò gwo larivyè a pou l'al benyen. Medam ki te avè l yo t'ap mache bò larivyè a. Fi farawon an wè panyen an nan mitan touf wozo yo. Li voye sèvant li a al pran l. |
“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.”
Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an.
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”
Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan vant pwason a pandan twa jou ak twa nwit.