Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 17:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Kaou yo pote pen ak vyann pou li chak maten, chak aswè. Li te jwenn dlo pou l bwè nan ravin lan.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 17:6
25 Referans Kwoze  

Li te ale twouve kò li ki te jete sou wout la avèk bourik la ak lyon ki te kanpe akote kò a. Lyon an pa t manje kò a, ni li pa t chire bourik la.


Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an.


Li te vin rive apre yon tan ke flèv la te vin sèch, akoz pa t gen lapli nan peyi a.


Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò.


Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.


Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,


Yo p ap wont nan move tan. Nan jou gwo grangou yo, y ap jwenn kont.


Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon. Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.


Fis Israël yo te manje lamàn pandan karant ane, jis lè yo te rive nan yon peyi ki te peple deja. Yo te manje lamàn jis yo rive nan fwontyè peyi Canaan an.


Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.


Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.


Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”


SENYÈ a te di a Moïse: “Èske pouvwa SENYÈ a limite? Koulye a, ou va wè si pawòl Mwen va vin vrè pou ou oswa non.”


Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”


Li te di yo: “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.


Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.


Konsa, li te di yo: “Sòti nan sila ki konn manje, te parèt yon bagay pou manje. Sòti nan sila ki gen fòs, te parèt yon bagay ki dous.” Men nan twa jou, yo pa t kab ba li repons lan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite