Anplis, yo te pwovoke Li a lakòlè bò dlo Meriba yo, Jiskaske sa te sòti byen mal pou Moïse sou kont yo.
Egzòd 17:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?” 1998 Haïtienne Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, Paske pèp Izrayèl la t'ap chache fè kont, yo t'ap eksite Senyè a lè yo t'ap mande: Eske se vre Senyè a nan mitan nou tout bon? |
Anplis, yo te pwovoke Li a lakòlè bò dlo Meriba yo, Jiskaske sa te sòti byen mal pou Moïse sou kont yo.
Ou te rele nan twoub la e Mwen te fè ou sekou. Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a. Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan
Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.” Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”
Li te di: “Si koulye a mwen twouve favè nan zye Ou, O Senyè a, mwen priye, kite Senyè a ale ansanm nan mitan nou, malgre pèp la se tèt di. Padone inikite nou, peche nou, e pran nou kòm pwòp posesyon pa Ou.”
Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”
Chèf li yo fè jijman pou jwenn sa ki glise anba tab, e prèt li yo enstwi pou kòb, pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan. Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a. Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou? Okenn malè p ap rive sou nou.”
Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.
Sa yo se te dlo a Meriba yo, akoz fis a Israël yo te fè kont avèk SENYÈ a, e Li te fè prèv sentete Li pami yo.
“Aaron va rasanble vè pèp li a; paske li pa pou antre nan peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo, akoz nou te vin rebèl kont kòmand Mwen nan dlo a Meriba yo.
Paske, nan dezè Tsin nan, pandan asanble a t ap fè kont, ou te fè rebèl kont lòd Mwen pou trete Mwen tankou sen devan zye yo kote dlo a.” (Sila yo se dlo a Meriba yo nan Kadés nan dezè a Tsin nan.)
E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’
A Lévi, li di: Thumim nan avèk Urim nan apatyen a sèvitè fidèl Ou, ou te pase li a leprèv nan Massa, avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.
“Ankò, nan Tabeéra, nan Massa, ak nan Kibroth-Hattaava, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè.
Phinées, fis a Éléazar a, prèt la, te di a fis Ruben yo, fis Gad yo ak fis Manassé yo: “Jodi a, nou konnen ke SENYÈ a pami nou, akoz nou pa t fè zak malonèt sila a kont SENYÈ a. Koulye a, nou gen tan livre fis Israël yo soti nan men SENYÈ a.”