Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 95 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 O vini, annou chante a SENYÈ a! Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;

2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman, Annou rele fò a Li menm avèk sòm.

3 Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.

4 Nan men Sila pwofondè latè yo ye a. Pwent mòn yo osi se pou Li.

5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l. Ak men L, Li te fòme tè sèch la.

6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.

7 Paske se Li menm ki Bondye nou an. Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo. Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,

8 pa fè kè nou vin di tankou nan Meriba, tankou nan jou a Massa nan dezè yo,

9 “lè papa zansèt nou yo te pase M a leprèv. Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.

10 Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di: “Yo se yon pèp ki egare nan kè yo. Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”

11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen, “Anverite, yo p ap antre nan repo Mwen an.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite