Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 14:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m lè m pale ak yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 14:22
31 Referans Kwoze  

Pandan ven ane sa yo, mwen te lakay ou. Mwen te sèvi ou katòz ane pou de fi ou yo, sis ane pou bann mouton ou yo, e ou te fè chanjman salè mwen dis fwa.


Malgre sa, papa nou te twonpe mwen, e li te chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj.


Dis fwa sa yo nou te ensilte m; nou pa menm wont fè m tò.


men yo te vin gen gwo anvi nan savann nan, e te pase Bondye a leprèv nan dezè a.


Akoz sa, Li te sèmante a yo ke Li ta jete yo nan dezè a,


Anpil fwa, yo te pase Bondye a leprèv, epi te fè Sila Ki Sen A Israël la soufri doulè.


Alò yo te di a Moïse: “Èske se paske pa gen tonm an Égypte ke ou mennen nou pati pou mouri nan dezè a? Poukisa ou te aji avèk nou konsa, pou fè nou sòti an Égypte?


Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”


Konsa, tout asanble fis Israël yo te plenyen kont Moïse avèk Aaron nan dezè a.


Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.” Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”


Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”


Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”


Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.”


Yo te di yo: “Ke Bondye kapab gade sa nou fè a, e jije nou, paske nou te fè nou vin rayisab devan zye Farawon, e devan zye tout sèvitè li yo. Konsa nou mete yon nepe nan men yo pou yo kab touye nou.”


Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo; zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.


Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.


Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo chape.’”


Alò, pèp la te devni kòm sila ki plenyen zafè pwoblèm nan zòrèy a SENYÈ a. Lè SENYÈ a te tande sa, kòlè li te vin limen, dife SENYÈ a te brile pami yo. Li te detwi kèk nan yo nan zòn deyò kan an.


Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje?


Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm Koushit;


SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, moun sa yo va desann mwen konsa? Pou konbyen de tan yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo?


Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a!


sof Caleb, fis a Jephunné a, Kenizyen an, ak Josué, fis a Nun nan, paske yo te swiv SENYÈ a nèt.’


Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.


Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa yo te mouri nan dezè a.


Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo.


“Sonje, pa bliye jan nou te pwovoke SENYÈ a, Bondye nou an, a lakòlè nan dezè a. Depi jou ke nou te kite peyi Égypte la jiskaske lè nou te rive nan kote sa a, nou tap fè rebèl kont SENYÈ a.


kote Papa nou yo te fè eprèv mwen nan tante Mwen, e te vin wè zèv Mwen yo pandan karant ane.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite