Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 9:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 “Ankò, nan Tabeéra, nan Massa, ak nan Kibroth-Hattaava, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Nou te eksite kòlè Sènyè a tou lè nou te Tabera, lè nou te Masa ak lè nou te Simityè Grangou.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 9:22
7 Referans Kwoze  

Sepandan, yo te kontinye peche kont Li, e fè rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.


Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.” Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”


Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”


Konsa, non a kote sa a te rele Kibroth Hattaava, akoz ke se ladann, yo te antere pèp ki te voras yo.


Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann. Mete lansan an sou li e pote li vit bay kongregasyon an pou fè ekspiyasyon pou yo. Paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a. Gwo epidemi an kòmanse!”


A Lévi, li di: Thumim nan avèk Urim nan apatyen a sèvitè fidèl Ou, ou te pase li a leprèv nan Massa, avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite