Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 9:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 “Mwen te pran peche nou an, ti bèf ke nou te fè a, e mwen te brile li avèk dife. Mwen te kraze li fen jiskaske li te vin tankou poud, epi mwen te jete poud li nan ti flèv dlo ki te pase desann nan mòn nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Mwen te pran estati ti towo bèf nou te fè ak move lide nan tèt nou an, mwen jete li nan dife. Mwen mete li nan pilon, mwen kraze li fè miyèt moso, mwen fè li tounen pousyè. Lèfini mwen jete pousyè a nan larivyè ki desann soti nan mòn lan.

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 9:21
9 Referans Kwoze  

Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an.


li te osi chire fè desann lotèl yo. Li te kraze Asherim avèk imaj taye yo jiskaske yo te fè poud, e te koupe desann lotèl lansan yo toupatou nan peyi Israël la. Anfen, li te retounen Jérusalem.


Li te pran jèn towo ke yo te fè a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l fè poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fè fis Israël yo bwè li.


Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”


Paske nan jou sa a, tout moun va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo, ke men plen peche nou yo te fè pou nou.


Akoz Éphraïm te miltipliye lotèl pou fè peche yo, Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.


Tout zidòl li yo va vin kraze nèt, tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a, e tout zidòl li yo Mwen va detwi; paske se pou salè a yon pwostitiye ke li te ranmase yo, e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.


“SENYÈ a te ase fache avèk Aaron pou detwi li. Konsa, mwen te priye anplis pou Aaron nan menm lè sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite