Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè.
Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la.
Alò, li vin rive lè David avèk mesye pa li yo te vini Tsiklag nan twazyèm jou a, ke Amalekit yo te fè yon atak sou Negev ak sou Tsiklag pou te detwi Tsiklag e te brile li avèk dife.