Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e Samuel te pami sila ki te rele non Li yo. Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
Egzòd 17:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.” 1998 Haïtienne Moyiz lapriyè nan pye Bondye pou mande li sekou. Li di: — Kisa pou mwen fè ak moun sa yo? Yo sanlè kalonnen mwen wòch touye mwen! |
Moïse avèk Aaron te pami prèt Li yo e Samuel te pami sila ki te rele non Li yo. Yo te rele non SENYÈ a e Li te reponn yo.
Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous. La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv.
Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen?
Men tout kongregasyon an te kòmanse lapide yo avèk kout wòch. Konsa laglwa SENYÈ a te parèt nan tant asanble a a tout fis Israël yo.
Konsa, Koré te rasanble tout kongregasyon anfas yo a nan pòtay a tant asanble a. Epi glwa a SENYÈ a te vin parèt a tout kongregasyon an.
Men Jwif ki te sòti Antioche ak Icone yo te vin parèt e te mennen foul la. Pou sa a, yo te lapide Paul avèk wòch e te rale l sòti nan vil la. Yo te konnen se mouri, li te mouri.
Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.