Egzòd 15:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous. La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv. Gade chapit la1998 Haïtienne25 Moyiz rele Senyè a, li lapriyè nan pye l. Senyè a moutre l yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Senyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t'ap chache sonde yo. Gade chapit la |