Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 11:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pou sa, Moïse te di SENYÈ a: “Poukisa Ou te tèlman di avèk sèvitè Ou a? Epi poukisa mwen pa t jwenn favè nan zye ou, ke Ou te vin mete chaj tout pèp sa a sou Mwen?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Lè sa a, Moyiz di Senyè a konsa: — Poukisa ou aji mal avè m konsa? Kisa m fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen?

Gade chapit la Kopi




Nonb 11:11
16 Referans Kwoze  

Kijan mwen sèl mwen, ta kapab sipòte fado a nou menm avèk tout zen nou konn fè yo?


Alò, Moïse te retounen vè SENYÈ a, e te di: “O SENYÈ, poukisa ou pote mal a pèp sa a? Poukisa menm ou te voye mwen an?


Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo.


“Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?


Poukisa, doulè mwen an rete tout tan, eblese mwen an reste san gerizon? Èske Ou menm, anverite, va devni pou mwen kon yon sous twonpe, ak dlo sou sila yo pa ka depann?


Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen, yon nonm ki fè twoub leve, yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a! Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen; malgre sa, yo tout ban m madichon.


Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.


Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?


Mwen va di a Bondye: ‘Pa kondane mwen! Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.


Konsa, si W ap aji konsa avè m, souple touye mwen koulye a; konsa, si Mwen pa t twouve favè nan zye Ou, pa kite mwen vin wè mizè mwen.”


Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”


Alò, Moïse te tande pèp la ki t ap kriye pami tout fanmi yo, chak mesye nan pòtay a tant li. Konsa, chalè a SENYÈ a te vin limen anpil, e Moïse te malkontan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite