Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 17:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Senyè a di Moyiz: — Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo larivyè Nil lan nan men ou. Epi mache.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 17:5
8 Referans Kwoze  

Ou te fè pete sous ki koule dlo fre. Ou te seche gwo rivyè pwisan yo.


Epi pou ou menm, leve baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch.


‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.


“Yo va koute sa ke ou di yo a. Konsa, ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin kote wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’


Epi ou menm, fis a lòm, pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite