Se tankou limyè maten lè solèy la leve, Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
Detewonòm 32:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli, pawòl mwen yo poze tankou lawouze, tankou ti gout sou zèb fre, ak lapli k ap farinen sou zèb. 1998 Haïtienne Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant, tankou ti lapli tou fen k'ap tonbe sou zèb nan jaden. |
Se tankou limyè maten lè solèy la leve, Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
Ou wouze tranch li yo an abondans. Ou fè do li vin poze. Ou fè l vin mou ak lapli an abondans; Ou beni kwasans plant li.
Mwen va tankou Lawouze pou Israël; li va fleri kon flè lis, e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.
Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm? Kisa pou M fè ak ou, O Juda? Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten, tankou farinay ki disparèt bonè.
Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’
Yo va regle peyi Assyrie ak nepe, ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo. Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen an lè l fè envazyon peyi nou an, ak lè li mache anndan fwontyè nou an.
Epi konsa, retay Jacob la va nan mitan anpil nasyon pèp yo, tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a, tankou lapli k ap farinen sou zèb, ki p ap tann lòm, ni fè reta pou fis a lòm yo.
Mande pou lapli ki sòti nan SENYÈ a nan epòk prentan. Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo; epi se Li ki bay lapli lejè a tout pou jaden plant yo.
Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye.