Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 72:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Li va desann tankou lapli sou chan zèb fenk koupe yo, tankou farinaj ki wouze tè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.

Gade chapit la Kopi




Sòm 72:6
11 Referans Kwoze  

Se tankou limyè maten lè solèy la leve, Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.


Ou wouze tranch li yo an abondans. Ou fè do li vin poze. Ou fè l vin mou ak lapli an abondans; Ou beni kwasans plant li.


Nan vizaj a yon wa briye lavi; e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.


Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.


Mwen va gaye gate l nèt. Li p ap koupe ni sèkle ak wou, men pikan ak zepin va vin leve nan li. Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo pou lapli pa tonbe ladann.


Annou rekonèt SENYÈ a; annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. Aparans Li asire tankou solèy k ap leve granmmaten. Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, tankou lapli prentan k ap wouze latè.


Yo va regle peyi Assyrie ak nepe, ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo. Konsa, li va delivre nou soti nan men Asiryen an lè l fè envazyon peyi nou an, ak lè li mache anndan fwontyè nou an.


Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli, pawòl mwen yo poze tankou lawouze, tankou ti gout sou zèb fre, ak lapli k ap farinen sou zèb.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite