Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Amòs 7:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Kounyeya menm, koute pawòl Senyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m pou m pa bay okenn mesay sou pèp Izrayèl la, pou m sispann pale sou pitit Izarak yo.

Gade chapit la Kopi




Amòs 7:16
14 Referans Kwoze  

“Fis a lòm, mete figi ou vè Théman. Pale fò kont tout sid la, e pwofetize kont peyi forè nan Negev la.


“Pa pwofetize”!—yo pwofetize— “Pa pwofetize de bagay de sila yo. Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”


“Fis a lòm, ranje figi ou vè Jérusalem. Pale kont sanktyè yo e pwofetize kont peyi Israël:


Men pa pwofetize nan Béthel, paske se sanktyè ak rezidans la a wa a!”


Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli, pawòl mwen yo poze tankou lawouze, tankou ti gout sou zèb fre, ak lapli k ap farinen sou zèb.


ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon.


Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li.


Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.” Epi li te di li: “Pale”!


“Fis a lòm, pwofetize kont pwofèt Israël ki pwofetize. Di a sila kap pwofetize pawòl ki soti nan pwòp enspirasyon pa yo, ‘Koute pawòl SENYÈ a:


Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin, e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo: “Pa pwofetize!”


Alò, vwala, te vini yon nonm Bondye soti Juda rive Béthel pa pawòl SENYÈ a, pandan Jéroboam te kanpe akote lotèl la pou brile lansan an.


Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo.


“Pou sa, O pwostitiye, tande pawòl SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite