Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Detewonòm 32:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a. Bay glwa a Bondye nou an!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Mwen pral fè lwanj Senyè a! Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa!

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 32:3
23 Referans Kwoze  

O SENYÈ, pou koz sèvitè ou a, e selon pwòp kè pa Ou, Ou te prepare tout grandè sa a, pou ta fè konnen tout gran afè sila yo.


Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan.


A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout .


Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a.


Louwe Li pou zèv pwisan Li yo! Louwe Li selon bèlte a grandè Li!


“‘Nou va fè yon lotèl avèk tè pou Mwen, e nou va fè sakrifis sou li nan ofrann brile, ak ofrann lapè, mouton nou yo, avèk bèf nou yo. Nan chak plas kote Mwen fè non Mwen sonje, Mwen va vin kote nou, e Mwen va beni nou.


Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”


Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Bondye Toupwisan an, men pa pwòp non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen.


Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ. Ou gran! Gran se non Ou an pwisans!


Nan jou Li yo, Juda va sove, e Israël va rete ansekirite. Men non pa sila yo va rele Li a: ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”


“Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.


E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lamou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”


“Mwen fè non Ou rekonèt a moun ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.


Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a.


‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo?


Nou te di: “Gade byen, SENYÈ a, Bondye nou an, te montre nou glwa Li avèk grandè Li, e nou te tande vwa Li soti nan mitan dife a. Nou te wè jodi a ke Bondye pale avèk lòm, malgre sa, li rete vivan.


Konsa, yo te chante chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: “Gran e mèvèye, se zèv Ou yo, O Senyè, Bondye Toupwisan an! Jis e vrè, se chemen Ou yo, Wa a nasyon yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite