Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Oze 6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.

2 Li va fè nou vin refè apre de jou; Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve. Konsa, nou va viv devan Li.

3 Annou rekonèt SENYÈ a; annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. Aparans Li asire tankou solèy k ap leve granmmaten. Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, tankou lapli prentan k ap wouze latè.

4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm? Kisa pou M fè ak ou, O Juda? Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten, tankou farinay ki disparèt bonè.

5 Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo; Mwen te touye yo ak pawòl bouch Mwen. Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.

6 Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis, epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.

7 Men yo menm, tankou Adam te kase transgresyon akò a. La, yo pa t fidèl anvè Mwen.

8 Galaad se yon vil ki plen ak malfektè, plen ak tach san.

9 Epi tankou bandi k ap tann yon moun; konsa, yon twoup prèt asasine moun sou wout pou rive Sichem nan. Se gwo krim y ap fè.

10 Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay. Gen pwostitisyon nan Éphraïm. Israël souye pwòp tèt li.

11 Ou menm tou, O Juda! Gen yon rekòlt ki deja apwente pou ou menm, lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite