Abdyas 1:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?” 1998 Haïtienne Se awogans nou ki fè nou pèdi tèt nou. Nou bati kapital nou sou tèt gwo wòch yo. Nou moute kay nou byen wo nan mòn yo. Epi n'ap di nan kè nou: Ki moun ki ka fè nou desann la a! |
Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.
Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo.
Fis a Juda yo, anplis, te kaptire di-mil tou vivan. Yo te mennen yo anwo pwent falèz la, e te jete yo anba soti anwo falèz la, jiskaske yo tout te kraze chire an mòso.
Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.
Gade byen, Mwen kontra ou, O sila ki rete nan ba plèn nan,’ deklare SENYÈ a. ‘Nou menm k ap di: “Se kilès k ap desann kont nou?” Oswa, “Se kilès k ap antre nan abitasyon nou yo?”
“Konsa pale SENYÈ a: ‘Pa twonpe tèt nou pou nou di: “Kaldeyen yo vrèman va kite nou”, paske vrèman, yo pa prale.
Kite vil yo pou rete nan kav wo yo, O moun Moab yo! Fè tankou toutrèl ki fè nich li dèyè bouch gwo kav yo.
Men pou laperèz a ou menm, awogans a kè ou te twonpe ou; ou menm ki rete nan twou wòch yo, ki okipe wotè a kolin nan. Malgre ou fè nich ou wo tankou èg, M ap rale ou desann soti la,” deklare SENYÈ a.
Pouki sa ou ògeye pou vale yo! Vale yo kap koule, O fi ki chite fè bak, ki plase konfyans li nan trezò li yo? E k ap di: ‘Kilès ki va vini kont mwen?’
Akoz gwo fòs kantite komès ou a, ou te vin ranpli anndan ou ak vyolans e ou te peche. Akoz sa, Mwen te jete ou kon pwofane sòti nan mòn Bondye a. Mwen te detwi ou, O cheriben ki kouvri a, soti nan mitan wòch dife a.
Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, men nou va retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”