Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 36:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, Ésaü te viv nan peyi kolin yo nan Séir. Ésaü se menm avèk Édom.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Se konsa Ezayi, yo rele Edon tou, al rete nan mòn Seyi.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 36:8
21 Referans Kwoze  

Avèk Oryen yo nan mòn pa yo nan Séir jiska distans rive nan Al-Paran, ki touprè dezè a.


Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.


Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi Séir a nan teritwa Édom an.


Li te bay mesaje yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: ‘Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te demere la jis rive koulye a.


Alò, sa yo se achiv jenerasyon Ésaü yo, (sa vle di, Edom).


chèf Magdiel, chèf Iram. Sa se chèf Édom yo (sa vle di pou Ésaü, papa a Edomit yo), selon abitasyon yo, ak peyi yo te posede yo.


Alò, sa yo se achiv a jenerasyon Ésaü yo, papa a Edomit yo nan peyi kolin yo nan Séir.


Sòti nan yo, depi nan fis Siméon, senk-san mesye te monte nan Mòn Séir avèk Pelathia, Nearia, Rephaja e Uziel, fis a Jischeï a.


Alò, gade, fis a Ammon yo avèk Moab avèk Mòn Séir, kilès ou te anpeche Israël pran lè yo te sòti nan peyi Égypte la. Konsa, yo te vire akote e yo pa t detwi yo.


Paske fis Ammon yo avèk Moab yo te leve kont fis Mòn Séir yo pou te detwi yo nèt. Lè yo te fini avèk moun Mòn Séir yo, yo te asiste pou detwi youn lòt.


Menm jan an osi, tout Jwif ki te Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziyen sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an.


Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: “Leve, annou ale goumen kont li”—


Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?”


men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.”


jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a.


Kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan teritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, eyo va pè nou. Pou sa, fè atansyon.


Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l.


A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü. A Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede l, men Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte.


Alò, lè Saül te pran plas chèf sou wayòm Israël la. Li te goumen kont tout lènmi li yo tout kote; kont Moab, fis a Ammon yo, Édom, wa a Zobah yo ak Filisten yo. Nenpòt kote li te vire li te pini yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite